Prévansyon ak Sipò pou paran yo (Prévention et soutien à la parentalité)
Aksyon « Prévansyon épi Sipò pou paran yo » Paroles de Famille propozé-a, vléédé tout fanmi ki nan La Giyàn, koté-k ginyin anpil jèn paran.
Aksyon sa-a gin pou objektif ranfòsé paran yo nan fason yo vlé lévé pitit yo, pou payo rét nan yon kwen kaché, é pou amélyoré byennèt paran ak pitit.
Asosyasyon-an propozé group travày, rankont koté paran pé bouè yon ti kafé épipalé an mèm tan ak lòt paran, fòmasyon pou paran, estaj ki pou édé paran yo ak pitityo.
Pou la jénès, asosyasyon-an propozé group travày sou emosyon, rélasyon antré jèn,dépandans la dròg ou byen sou tan yo pasé dévan ékran yo.
Profésyonèl-yo osi fè fòmasyon pou yo kapab byien akonpaye fanmi yo.
Tout aksyon sa yo fèt nan rèspè tout kilti san okenn kalité jijman.
Paroles de Famille travày ak lòt asosyasyon péyi-a, pou propozé aksyon ki itil poutout moun é kap benefisye tout moun.
Espas Rankont (Espace de rencontre)
Espas rankont-lan sé yon koté ki pa nan kan okenn paran, ki sékirizé, ki pa pou touttan, é ki pémèt yon pitit ouè paran li pa ouè tout tan paské li pa viv avè-l, yongranparan ou byien yon lòt fanmi li pa gin rélasyon avè-l.
Koté sa-a édé fanmi yo kimbé kontak nan bon kondisyon, avek pitit yo nan prémiéplas.
Espas sa-a akéyi paran ki pa ansanm ankò, timoun ki pa vlé ouè youn nan paran li,ou byen granparan li, ou byen frè ak sé ki fèt nan lòt mariaj.
Medyasyon pou fanmi yo (Médiation familiale).
Medyasyon pou fanmi yo, sé yon espas ki fèt pou rekreyé dialog antré dé paranavèk yon profésyonèl ki pa nan chouasi yon kan, ki gin pou objektif avek paran yorémèt lòd nan fanmi-an, é ki pémèt dé paran yo palé antré yo dé san ké pa ginyinokenn diskisyon ankò.
Yon medyasyon pé koumansé soua paské jij fanmi yo ou jij pou timoun yo, voyéfanmi-an nan asosyasyon-an, ou byen paské yon manm nan yon fanmi désidé itiliséaksyon sa-a.
Aksyon sa-a sé pou tou fanmi kap fé fas konfli nan fanmi yo :
paran ki pap viv ansanm ankò, koup ki nan divòs ou ki pakab palé san fè pakètdiskisyon, paran ak timoun ki pa kapab palé san palé anpil, granparan ki bésouinouè pitit pitit yo min ki pa kapab paské youn nan paran yo pa vlé.
Paroles de Famille entegré aksyon médyasyon an nan konteks lokal la :
- Avek yon apròch ki rèspèkté tout kilti ki nan La Giyàn
- Si yon fanmi pa ka déplasé ou byen ap viv byen lwen koté Paroles de Familleyé-a, fanmi yo kapab fè médyasyon-an kan minm avek entènèt-la
Nan moman-an Paroles de Famille déplouayé tout aksyon sa yo sèlman nanMatoury min aprè yon sèten tan aksyon sa yo ap déplouayé tou nan Macouria,Kourou, épi Saint-Georges.


